Floridians For Reproductive Freedom

Mande Kòporasyon Swen Sante Florid yo Kont

Read more


Kòporasyon swen sante Florid yo tankou Florida Blue ak Florida Hospital Association Bay plizyè milyon ak politisyen ki anti-avòtman nan Florid, k ap retire libète repwodiktif nou malgre sipò jeneral piblik la pou moun gen aksè ak avòtman.

Floridyen pou Reproductive Freedom Coaltion te ekri yon lèt ouvè voye bay kòporasyon swen sante yo ki fòme sa nou rele Abortion Injustice Inc. la, pou n egzòte yo pou yo SISPANN finanse politisyen ki anti-avòtman yo k ap travay pou rekile dwa nou yo nan Florid.

Èske w ap ajoute non w nan lèt nou an??

Desizyon pou fè yon avòtman se yon desizyon ke pasyan an ansanm ak founisè swen sante ya ta dwe pran -pa politisyen yo, epi sitou pa kòporasyon yo ki swadizan gen sousi pou lasante ak byennèt pandan y ap finansye politisyen yo.

Li lè pou Florida Blue, United Health, ak Asosyasyon Lopital Florid yo sispann plen pòch politisyen ki anti-avòtman yo epi pou yo kòmanse aktyèlman tande Floridyen yo ke yo swadizan ap sèvi a. Yo dwe konnen ke piblik la sipòte aksè ak avòtman, kidonk ajoute non w, pou fè yo tande vwa w. Nou pral voye lèt sa a bay CEO (Prezidan-Direktè Jeneral) konpayi yo.

Send the letter

    Not ? Click here.